Kisa RSS-la ye ?
RSS (Really Simple Syndication an angle) se yon mwayen senp ki pèmèt ou wè yon kou tout paj Entènèt ou renmen-yo, e sitou pou w'konnen sa-yo ki chanje. Ou pa bezwen abone ankò nan gwo bilten enfòmasyon kap boure bwatalèt ou. Editè sit Entènèt ap kontinye enfòme'w dirèkteman, men sèlman sou sijè ki enterese'w : konsa ou jwenn yon sèvis pèsonalize. Men, pou w'itilize teknoloji sa-a, ou bezwen yon pwogram ki ka li sous RSS (tankou : Internet Explorer 7, Opera, FireFox ; oubyen yon lojisyèl ki fèt pou sa menm). Kèk fwa, ou dwe kopye sous-la (fichye ki anba lyen-an) sou disk ou, avan w'pase'l nan lojisyèl-la. Sitwèb Caplife-la ofri sijè sa-yo.
Sous RSS ou ka abone