Charles Edward Caplife
 françaisEnglish
Liv
 Kisa RSS-la ye ?
Bèlantre | Pastan | Ekstrè | Evenman | Achte | Lyen | Blòg ak Foròm | Kontak

Si m'te prezidan - I. Sa ki pi prese

Esè¹ sa-a se kontribisyon pa'm m'voye bay politisyen ki fèk eli-yo pou ede bati Ayiti. Apre eleksyon 2006-yo, m'te poze tèt mwen kesyon sa-a ankò : « Si m'te prezidan, kisa m'ta fè pou Ayiti ? » Epi m'te eseye reponn honètman. Natirèlman, lòt pòs-yo merite menm tretman-an : « Si m'te senatè, depite, majistra tèl ou tèl komin, senp sitwayen, kisa m'ta antreprann pou fè Ayiti egziste ? fè chak moun konprann valè'l kòm Ayisyen ? »

Teks sa-a prezante program mwen, ki rele « Feu de tout bois » (tout sa k'vini li bon), pou donte Il Ròndonn-nan. Men fwa sa-a se pa woman li ye. Se yon aksyon pou rive fè politisyen-yo kreye KPL (Kòb Pou Lavi) an Ayiti, byennèt sosyal ke Leta dwe chak sitwayen dapre atik 22 Konstitisyon-an.

¹ Esè vle di m'ap eseye : menm si m'pa rezoud pwoblèm-nan nèt, m'espere konvenk ou ak agiman solid.


Jen 2006, 6p., fòma : A4 (polis 12pn), inedi.
Li plis (franse)...

Mès an Apne Majè

Mès an Apne Majè Dt. Solomann se yon fizisyen. Men se nan syans sosyal li ta vle merite rekonesans limanite. Li kwè di kou fè ke matematik, ki syans laverite tout bon vre, ta dwe pèmèt mete byennèt sou fòm ekwasyon. Li menm kwè li te twouve fòmil-la. Li vle kreye yon sosyete kote se kalkil k'ap gouvène. Alò li kòmanse fè gran bwi, san prekosyon, pou eseye rasanble lòt syantifik-yo ak politisyen-so pou ede li. Yon jou li antre nan yon abeyi pou yon konsè, li pa imajine'l ke li pra'l twouve plis ke sa: ke bi l'ap pousuiv-la jis. Men eske l'ap rive fè Pwomètè-d-la-Repiblik-la kreye Gran-Komisarya Kont Lamizè-a?

Yon lòt kote, Matin, ki se yon enfòmatisyèn epi manman pitit san papa, gen yon lot lide sou zafè byennèt-la: lanmou yon fanm ak yon pitit ta dwe pèmèt yon moun preske twouve lebonè. Si kesyon sa-a ap toumante'l, se paske Andriann Solomann, ki lanmou tout lavi-li, disparèt sanzatann, tankou papa Alex, pitit-li-a.

Messe en Apnée Majeure (Mès an Apne Majè) se yon desann nan zatray lasolitid, yon ti kal syans fiksyon epi yon ayibobo pou lanmou. Tou sa sèvi ak mizik relijie epi payen. Lotè-a konseye-ou « konsome-li » ak mizik Moza

 


FrazMitic, Desanm 2005, 416p, fòma:14x20, ISBN: 2-915882-03-7, pri: 20 € TTC
Li plis (franse)...

Lejann a Liv Sezamik a Nangomye-a

Légende du Livre Sésamique de Nangommier L'Île Rebelle (Il Ròdonn-nan) se premye woman Charles Edward Caplife ekri. Se yon triloji ki gen pou premye pati Lejann a Liv Sezamik a Nangomye-a (sic). An gwo, premye pati sa-a se istwa yon Prezidan-avi, yon Pè-savann, ak yon Liv. Li transpòte lèktè-a o Karayib, pi egzakteman nan Fierté-en-Île, sou Katriyèm Entansyon Dinastik-la. Lemal, byen pwoteje pa milisyen'l-yo, t'ap prepare pou fete tankou wa vennsenkyèm ane prezidans-avi'l. Menm lè sa-a, nan Savann Dezole, peyizan-yo te ozabwa : lasechrès t'ap fini avè yo ; tout tè te preske tounen galèt. You jou swa nan dekou, yo reini yon konsèy, ki te dènye-a tou pou Katawoulo, Mèt nan tire kont.

Reinyon istorik sa-a klotire ak yon sipriz : ka Savahnyen-yo pa fin pèdi nèt ; gen yon liv ki ka sove yo ! Men pou yo jwenn li, yo dwe pran direksyon nò, travèse fredi Montay Nwa-yo, epi rive Sipèbi, vil pye flanbwayan-yo, vil a Konèsè-yo. Se konsa twa anvwaye, Agorin, Agokont ak Agolòn, kòmanse yon vireron danjere andeyò limit savann-nan ; yon pelerinaj ki pral oblije yo rankontre yon bann moun lavil ki ase orijinal.

Plizyè fwa, yo pral temwen lobo ki ka vin tounen lejann : ant prefè Jolikè e milisyen Gwogra ; ant pè-savann Djokannèl e chapitè Libòdjenn ; ant Saval revolisyonè-yo e ògèye Sipèbyen-yo ; ant jounalis Vilmennen e donatè oktogonyen-yo. Nan mitan tout konbatan byen antrene sa-yo, kòman yo pral fè pou pwoteje tèt yo e ranpli misyon yo ?

 


FrazMitic, Octòb 2004, 416p, fòma:14x21, ISBN: 2-915882-00-2, pri: 20 €
Li plis...
Telechaje 40 premye paj-yo sou fòma PDF.

Diksyonè Caplife sou Ayisyanism

Yon ekstrè parèt nan anèks Il Ròdonn-nan I.


FrazMitic, Octòb 2004, 26p, fòma:14x21, in ISBN: 2-915882-00-2
Li plis...

Epoutan, li bon

Ti istwa (nouvèl) sa-a baze sou jan IL Ròdonn-nan pase premye mwa li-yo. Li rakonte difikilte yon ekriven ka rankontre lè li pibliye liv-li limenm. Li karikatire plizyè kalite moun : editè, librè, jounalis, lèktè, e menm otè-a tou.


Janvye 2005, 3p., fòma : A4 (polis 12pn), inedi.
Li plis (franse)...

An preparasyon

Il Ròdonn-nan II ak III.

 Bèlantre | Pastan | Liv | Ekstrè | Evenman | Achte | Lyen | Blòg ak Foròm | Kontak  
Dwa sou Paj Wèb sa-a © 2004 - 2006 Smith Charles.