Charles Edward Caplife
 françaisEnglish
Lejann a Liv Sezamik a Nangomye-a
 Kisa RSS-la ye ?
Bèlantre | Pastan | Liv | Ekstrè | Evenman | Achte | Lyen | Blòg ak Foròm | Kontak

Il Ròdonn-nan (orijinal: L'Île Rebelle I, ISBN: 2-915882-00-2)

Nòt : Liv-la pa gen imaj ladann. Edisyon orijinal-la an franse ; pa gen tradiksyon nan lòt lang. Alò, me yon ti rale m'ekri spesyalman pou moun ki renmen li ayisyen, e ke lejann sa-a enterese. Men atansyon, se pa yon tradiksyon, epi tou se pa vreman nannan liv-la. Se sèlman yon apèsi chapit ki rele Batay Balan-an. Aksyon-an ap dewoule nan Fierté-en-Île (yon il nan Karayib-la ki kanpe fas pou fas ak yon gran peyi yo rele Oktogòn), sou Katriyèm Entansyon Dinastik-la, epòk Lemal te prezidan-avi. Alò, moun Oktogòn rele Oktogonyen ; moun Fierté-en-Île, Fyerilyen. Epizòd sa-a kòmanse lè anbasad Oktogòn-nan te louvri yon ankèt sou A. Dugommier, yon etnològ oktogonyen kit te disparèt nan rakbwa peyi-a.

V
SAGA LIV ROUJ-LA
54. Batay Balan-an

 

Zwezo migratè k'ap vole Zafè Dugommier-a kòmanse Balan, nan kòt nò Fierté-en-Île. Dapre kèk jounal franse, nan ti vilaj sa-a, e ozalantou, yo rele li « Légende du Livre Sésamique de Nangommier »*. An reyalite, vilajwa-yo te bay kèk jounalis anglofòn tit-la an kreyòl : Lejann nan liv se zanmi kay Nangomye. Nèg sa-yo menm te tou senpleman tradi li : "Legend of Nangomia's Sesamic Book." Se yon tit sansasyonel ke anpil jounal te repran tribò-babò nan lemond.

Pèsonn pa konnen kòman lejann-nan te kòmanse. Brid sou kou, yon bri te kòmanse ap kouri nan Balan : yon pè-savann te gen yon nouvo liv, yon maniskri ki te rasanble konesans solid sou Fierté-en-Île ak tout Fyerilyen-yo ; yon dokiman ti ke ka bay pouvwa ak laglwa ; ki te ekri sou dikte lwa ginen pa pi gran houngan ki te ka egziste, pi gran nèg mazimaza, pi gran mediòm, gran voyan, Antwahn Nangomye an pèsonn. Pami yon ban lòt revelasyon, li te bay sekrè Mèt Agwe, lwa ki wa lanmè e pwotèktè voyajè. Yon moun ki t'ava gen liv sa-a te ka itilise li pou disparèt e reparèt kote li vle. Si degre meditasyon ke eksplwa sa-a te reklame-a te twò rèd pou li, mèt liv-la te gen yon lòt posiblite : apre li te fin pwononse yon orezon, li te ka deplwaye zèl li, travèse lanmè, epi rive lòtbòdlo. Men de tout mannyè, frontyè-yo ki separe peyi sou latè pa te egziste pou li ankò, menm jan yo pa egziste pou zwezo migratè. Li te fini ak mande viza, fini ak achte tikè avyon ki koute chè, e menm avyon-yo pa te nesesè ankò. Lòm te fini pa rive nan nivo Libète Ideyal-la.

Menm granmoun lontan pa te ka di yo te konnen yon liv pi ekstraòdinè. Epi tou, pa te gen liv ki te ka lakòz plis anvi ak jalouzi. Lejann di ke gen yon seri de nèg, apenn yo te tande pale de li, yo te deja kite tout lòt travay pou yo te tonbe nan kalkile kòman yo t'a fè pou met men sou zouti ouvè-baryè sa-a. Nèg-yo te tabli nan siveye pè-savann-nan ; suiv li tout kote li te ale ; raze miray kay li. Sèl lyon ak lòt felen nan savann Lafrik, lè yo nan zafè lachas, te ka pretann yo pi chèlbè, oubyen pi akrobat. Tout moun Balan sonje kòman nèg sa-yo t'ap mache sou pinga, avanse sou pwent pye, blayi atè trapde, kache vit dèyè yon pye bwa, yon poto, ou menm yon rozo. An verite, se te bon jan travay atis.

An menm tan, pè-savan-nan, ki te vin selèb, te resevwa, sanzatann, visit yon latriye moun dròl. Moun te soti byen lwen pou vin konsilte li kout ke kout. Yo pa te bezwen'l ankò pou batize kay, marye moun, oubyen chante mess mò an laten. Yo pa te reklame'l ankò bagay tankou lasante, lanmou, boul Bòlèt, ou menm bèl rekòt. Non, sèl sa yo te vle, se te fè vwayaj majik-la.

Ozabwa, pè-savan-nan te kanpe nan karetèl pou li te fè deklarasyon : li pa te ni doktè-fey, ni mediòm, e pa ditou bòkò. Li te anonse byen fò ke li te yon senp pè-katolik. Men li pa te revele ke dòz konesans katolik li pa te janm depase nivo sakristen. Li pa te di tou ke yo te revoke li akòz yon ti fanm ki te twò bèl, twò anfòm (nan jan Fyerilyen-yo renmen madanm-yo-a) ; yonn ki te sanble ak fi sa-yo ke se Bondje sèl ki konnen kòman pou Li fè-yo pou jete latoumant nan kò yon pòv malere gason.

 

Nèg k'ap kwaze koulin Men yon jou, yon chapitè te reisi vole liv-la, petèt gras a kèk orezon demonyak. Lejann di ke li te pran yon angajman ak yon lwa-djab : nanm li pou liv-la ! Antouka, se sèl esplikasyon vilajwa-yo te twouve, otreman yo pa te ka esplike kòman nèg sa-a te reisi vole liv-la gran lajounen, gwo midi.

Yon kòkennchenn eskonbrit te pete, tankou dife nan yon chan pye bwapen. Se sèl manchèt ki te ka bay legen sou zafè veritab pwopwyetè dokiman-an. Tout moun te tande bwi feray koulin-yo te fè lè mèt-yo te retire-yo ak laraj nan fouro kui-yo. Epi yon chòk bosal, fas pou fas, te louvri batay-la. Kòm batayè-yo te bezwen plis plas, an de tan twa mouvman, yo te gentan rive nan raje, kote vilajwa-yo — ki te regrèt sa anpil — pa te ka wè-yo ankò. Sèl bwi fè ki t'ap frape sou fè-a, konm si te gen yon fòjron tou nèf nan zòn-nan, te fè konnen ke batay-la t'ap kontinye pi rèd.

San yo pa te janm fatige, de nèg-yo te batay jouk poul te kouche ; e depi lè sa-a jouk devanjou ; e depi devanjou jouk aswè te rive ankò ; depi lamontay jouk nan laplaj, e depi laplaj jouk nan lamontay ankò ; twa jou, twa nuit. Lejann di ke koulin-yo te sifle anlè, fè zeklè sou ròch, blese pyebwa, taye raje ; tèlman ke kote batay-la te pase zèb pa te pouse. Li di tou ke, piske sèl jennjan te vif ase pou te suiv gerye-yo, pou fwa sa-a sèlman, granmoun te pèmèt timoun sèmante. Konsa timoun te sèmante. Wi, yo te wè nèg-yo ap batay tankou nan yon fim kapedepe : yon pye devan, yon pye dèyè, pafwa yon men nan senti, yo t'ap plonje devan, rale dèyè, moulinen, fente. Wi, yo te we nèg-yo, kèkfwa, fè yon ti kanpe pou bwè kleren-tranpe, epi rekòmanse batay pi rèd, pi malouk ankò.

...

A suiv...

[Ekstrè Diksyonè Kaplayf-la ki akonpanye liv-la]

Nan vèsyon fransèz-la, tout mo ayisyen-yo rasanble nan yon diksyonè ki anekse a liv-la. Nan vèsyon ayisyèn-nan, mot franse ak angle-yo kab parèt nan anèks-la. Men vèsyon sa-a ponkò egziste.

Ekstrè sou fòma PDF

40 premye paj-yo pou wou gratis sou fòm yon fichye elèktronik.

 

TelechajeTelechaje

 

Sit wèb pou telechaje Adobe Reader Nòt: Pou'w afiche PDF, ou bezwen Adobe Acrobat Reader. Si ou pa genyen li, ou ka telechaje li gratis. Klike sou bouton a dwat-la.

 

 Bèlantre | Pastan | Liv | Ekstrè | Evenman | Achte | Lyen | Blòg ak Foròm | Kontak  
Dwa sou Paj Wèb sa-a © 2004 - 2006 Smith Charles.