Charles Edward Caplife
 françaisEnglish
Evenman
 Kisa RSS-la ye ?
Bèlantre | Pastan | Liv | Ekstrè | Achte | Lyen | Blòg ak Foròm | Kontak

19 octobre 2007 : Rankont nan Médiathèque George Sand nan Palaiseau

Vandredi 19 oktòb 2007, de 6 è a 10 è PM, pami manifèstasyon-yo kap fèt pandan yon semèn sou tèm Haïti, une histoire la France, ARCHE(1) ansnam ak PAFHA(2), La voie de l'Humanité ak Librairie Anibwe tou, ak kout men Ville de Palaiseau, ap òganize yon konferans sou literati ayisyèn ki rele : Le réalisme merveilleux et ses influences.
Nan okazyon sa-a, kritik literè ak ekriven Guy Cétoute va pose Caplife keksyon sou L'Ile Rebelle ak Messe en Apnée Majeure. Keksyon piblik-la va pose-yo ka debat tou.


Adrès :
Médiathèque George Sand
5, place de la Victoire
91120 Palaiseau
Tél. : 01 69 31 78 25
Tren : RER B (Estasyon Palaiseau)
Rout : depi Paris, Porte d'Orléans, pran otorout A6 soti Palaiseau, suiv endikasyon Palaiseau-Centre epi lonje desann "rue de Paris" jouk "place de la Victoire (place du marché)".


(1) - ARCHE : Association Religieuse et Culturelle des Haïtiens à l'Extérieur (asosyasyon imanitè).
(2) - PAFHA : Plate-forme d'Associations Franco-Haïtiennes.

Lajan ya rekòlte nan operasyon sa-a va sèvi pou pwojè bati « Lekòl, se paspò pou demen » ansanm ak pwojè mikrokredi pou ede fanmi ki pa gen mwayen voye ti moun-yo lekòl.
Lajan-an va sèvi tou pou realize twazyème pati pwojè « Lekòl, se paspò pou demen » ki prevwa monte yon fèm agrikòl ni Diplesi, yon lokalite ki a 25 kilomèt Pòtoprens.

22 sèptanm 2007 : Rankont nan libreri Anibwe

Samdi 22 septanm 2007, a 18 h 30, la libreri Anibwe ap entèvyouwe Caplife sou woman li-yo L'Ile Rebelle ak Messe en Apnée Majeure. Sware-a ap fini ak yon deba sou menm liv sa-yo

Pwogram :
- Dr Antoine Fritz Pierre : « Konpareson de wowan Charles Edward Caplife yo »
- Psè Yves Chemla, pwofesè nan Inivèsite Paris IV : « Ki plas travay Caplife nan literati ayisyèn »
- Keksyon pou Caplife

Adrès :
52, rue Greneta
75002 Paris
Tél. : 01 45 08 48 33
Metro : Etienne Marcel, Réaumur-Sébastopol

18 desanm 2004 : Envite nan Ti Koudèy sou Ayiti

Samdi 18 desanm 2004, de 11 è AM a 7 è PM, Magistra vil Suresnes-nan ap òganize yon « Jounen dedikas pou ekriven ayisyen-yo ». Jounen sa-a fè pati ekspozisyon Ti Coup d'œil sou Haïti (Ti Koudèy sou Ayiti) (penti, skilpti, foto, literati), ki limenm fèt pou onore Ayiti paske l'ap fete bisantnè endependans-li (1804-2004). Plizyè otè ayisyen envite, tankou powèt Jean Métellus, pou nou nonmen yonn ki pi renome pami yo.

Jou sa-a, Charles Edward Caplife ap siyen woman li-a L'Ile Rebelle I (Il Ròdonn-nan I).

Adrès :
Salle des Fêtes - Cour d'Honneur de l'Hôtel de Ville
2, rue Carnot
92150 Suresnes

20 novanm 2004 : Lavant ak Siyati L'Ile Rebelle I (Il Ròdonn-nan I)

Le 20 novanm 2004, de 3 è PM a 7 è PM, nan Librairie Toussaint Louverture.
Adrès :
29 rue Claude Tillier
75012 Paris, France
Tel. : 01 43 38 34 13
Metro : Reuilly Diderot

14 novanm 2004 : prezantasyon L'Ile Rebelle (Il Ròdonn-nan) nan radyo

Le 14 novanm 2004, emisyon radyo Kòn Lanbi-a ap envite Caplife nan :
Radio Fréquence Paris Plurielle
FM 106.3 MHz

Kòn Lanbi fonksyone chak dimanch de 5 è PM a 6 è PM (lè Lafrans). Jan non li di'l-la, l'ap sonnen rasanbleman kominote ayisyèn ki Lafrans-lan. Li bay tout dènye nouvèl ki tonbe sou zafè ekonomi ak politik an Ayiti, san l'pa bliye lakilti : penti, mizik, eks. Le 14 novanm, se va tou pa literati asysèn pou kenbe kòn-nan.

 Bèlantre | Pastan | Liv | Ekstrè | Evenman | Achte | Lyen | Blòg ak Foròm | Kontak  
Dwa sou Paj Wèb sa-a © 2004 - 2006 Smith Charles.