Lè nou reli paj sa-a, kèk zòn parèt nou tankou « ti pwen ti kwa ». Si ou gen enpresyon sa-a tou, eskize'n pou dezagreman sa-a. Men fòk ou konnen ke moso sa-yo se sous imajinasyon otè-a, e nou kite'w wè yo. Pran yo tankou ti souvni danfans otè-a ap pataje ak zanmi li, osinon apèsi l'ap ban nou sou sa ki pasyone'l.
Caplife pran tan'l pou ranmase enfòmasyon sou Ayiti ; li gen kèk bèl koleksyon. Ou ka wè yon ekstrè kolesyon sa-yo nan sit wèb http://frazmitic.free.fr/emfexplorer/. Klike sou Collections pou w'pran yon apèsi sou yo, oubyen sou Downloads pou w'telechaje yo (men, nan ka sa-a, w'ap oblije telechaje lojisyèl ki akonpaye yo-a tou). Se pa vreman yon galri atistik, men kèk pòt ki louvri sou enfòmasyon pi detaye.
Atansyon : fraz mitik-la pa fòseman yon sitasyon byen etabli. Souvan, se sitiyasyon kote yo te li'l-la ki fè cham li.
« Foul ki t'ap bat bravo pou li-a te telman gen moun ke se tèt sèlman yo te wè, e, pi wo ke tèt sa-yo, men ki t'ap sekwe moucha ak branch lorye. » Dr J.-C. Dorsainvil, Manuel d'Histoire d'Haïti.
Lidè popilè sa-a, se te Sylvain Salnave (Okap, 1827 — Pòtoprens, 1870), prezidan Ayiti de 14 jen 1867 a 19 desanm 1869. Istoryen-an ap rakonte antre triyonfal li nan Pòtoprens, kote Msr Testar du Cosquer t'ap tann li pou chante Te Deum pou konsakre monte'l o pouvwa. Pita, lidè-a pral fè yo mete'l prezidan avi. E kèk mwa apre sa, yo pral fiziye'l ! Sonje bèl foul-la... Sa ki pase ant de moman sa-yo ?
« Yon pòv koupè de bwa, anba yon pakèt bwa,... T'ap plenyen, t'ap mache koube, t'ap make pa, Pou retounen nan joupa plen lafimen li. » Dapre Jean de la Fontaine, La Mort et le Bûcheron.
A vrè di, (ayisyen ki itilize nan sit wèb sa-a) pa kadre ak fraz mitik sa-a. An franse (kote La Fontaine itilize mo « ramées » pou « pakèt bwa »), li enteresan tout bon. San pale de melodi li, sa ki rann fraz sa-a mitik, se jan yon pwofesè diksyon (C. V. pou nou pa lonmen non li), prefè Depatman Nò-a, men bon jan entelektyèl, te konn' di li nan klass : li te pran yon figi serye, preske fache, pou l'pwononse « ramées » konm si mo-a te gen twa r ; an menm tan, li te mare ponyèt li epi voye je'l nan fenèt-la ; apre sa, li te mete pi gwo vitès li te kapab pou fini fraz-la.
Lè yo te wè tout sinema sa-a, kèk élèv te santi yon vokasyon pou yo te vin
aktè oubyen ekriven. Sila-yo te menm pran lewobou pou inyore règ aleksandren,
e te transfòme fraz-la an proz :
« Yon pòv peyizan, chaje kou bourrrik, t'ap trese-kòde anba yon pakèt
bwa pou'l rive nan ti kay pay plen lafimen li. »
Petèt ke « laraj » a C.V.-a te revele batay ant lang ayisyèn-nan (ki vle retire r-yo) epi franse (ki vle mete plis).
Men atansyon ! Mozart selman ; e sitou lè se Neville Mariner ki maèstro.
Men atansyon ! klasik-yo selman ; e sitou lè se Mini All Stars, oubyen mini-djaz ki sanble'l-yo, k'ap jwe. Gen yon definisyon fòm mizikal sa-a nan ekstrè Diksyonè Caplife sou Ayisyanism-la ki nan anèks Il Ròdonn-nan. Trepe moso mizik kadre ak definisyon sa-a. Men kèk disk ki ka sèvi kòm referans :
Ki sa chedèv sa-yo gen pou wè ansanm ? Yon bann bèl fraz mizikal, byen chapante, toujou egzekite ak presizyon ; se diskou mizisyen akonpli, ki rive nan pi wo degre atistik-yo. Kèk non parèt souvan (men nou p'ap di yo la, paske se pa sije-a sa).
Ann analize ouvèti yon moniman nan yo, [Souvenir, in Cubano, L'Essence, Jean Ely Telfort (Cubano)]:
O, Ayiti !
Yon si bèl fanm tankou'w
Kòman pou m'fè ale kite'w
San mwen pa sonje'w ?
Mwen rive laba
Chak jou m'ap kriye
Chak jou m'genyen nostalji
Jan m'anvi retounen nan pye'w !
An verite, fenomèn sa-yo pa rezilta yon aza : yo panse, yo kalkile (dayè, kèk fwa, lè li klè pou tout zòrèy ke se lapèfeksyon y'ap tande, mizisyen-yo-menm rele — e yo gen rezon — : Senfoni acheve !). Jenn mizisyen-yo t'a gen anpil enterè etidye moso sa-yo an detay, aprann-yo pa kè. Apre sa sèlman,...
N'ap kanpe la. Paske pasyon nou riske mennen nou twò lwen.